Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [~1~]Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2 [~2~]Li te bat [~3~]Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.

3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan [~4~]li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. [~5~]Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5[~6~]Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. [~7~]Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7 David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.

9 Alò lè Thoï, wa a [~8~]Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. 11 Wa David te [~9~]dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12 Soti nan Syrie avèk [~10~]Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.

13 Konsa, [~11~]David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan [~12~]Vale Sèl la. 14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout [~13~]Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.

15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16 [~14~]Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te [~15~]grefye a. 17 [~16~]Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou [~17~]Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

<- II Samuel 7II Samuel 9 ->