Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
19
1 Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, [~1~]wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.” 2 Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”

3 Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la. 4 Wa a te [~2~]kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”

5 Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo, 6 akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan. 7 Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, [~3~]p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”

8 Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, [~4~]Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. 9 Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: [~5~]“Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, [~6~]li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom. 10 Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”

11 Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li? 12 Nou menm se frè m; [~7~]nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’ 13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt [~8~]nan plas Joab.’ ” 14 Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo [~9~]tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”

15 Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini [~10~]Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an. 16 Epi [~11~]Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David. 17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk [~12~]Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a. 18 Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li.

Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an. 19 Konsa, li te di a wa a: [~13~]“Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè. 20 Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, [~14~]premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”

21 Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, [~15~]akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”

22 Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? [~16~]Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a? 23 Wa a te di a Schimeï: [~17~]“Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.

24 Epi[~18~]Méphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a. 25 Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: [~19~]“Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”

26 Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ [~20~]akoz sèvitè ou a bwete. 27 Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se [~21~]tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou. 28 Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. [~22~]Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”

29 Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’ ” 30 Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”

31 Alò [~23~]Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an. 32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan. 33 Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”

34 Men Barzillaï te di a wa a: [~24~]“Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem? 35 Mwen menm, koulye a, mwen nan [~25~]katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, [~26~]poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a? 36 Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a? 37 Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, [~27~]Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”

38 Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”

39 Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te [~28~]bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li. 40 Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk [~29~]la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a. 41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: [~30~]“Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”

42 Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz [~31~]wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”

43 Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: [~32~]“Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.

<- II Samuel 18II Samuel 20 ->