1 Alò Joab, fis a [a]Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom. 2 Pou sa, Joab te voye kote [b]Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou. 3 Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete [c]pawòl nan bouch li pou pale.
4 Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te [d]kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
5 Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?”
8 Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”
9 Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite [f]wa a avèk twòn li an pa koupab.”
10 Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”
11 Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, [g]pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.”
12 Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.”
18 Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.”
19 Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?”
21 Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
22 Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”
23 Konsa, Joab te leve ale [n]Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem. 24 Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” [o]Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a. 25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan [p]talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm. 26 Lè l te konn [q]taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a. 27 Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele [r]Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl. 28 Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a. 29 Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini. 30 Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, [s]chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
31 Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”
32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.” ’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e [t] si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
33 Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e [u]wa a te bo Absalom.
<- II Samuel 13II Samuel 15 ->