1 Alò, SENYÈ a te voye [a]Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke [b]yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”
5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a [c]merite lanmò. 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an [d]kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”
7 Alò, Nathan te di David: [e]“Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: [f]‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül. 8 Se Mwen menm tou ki te ba ou [g]lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo! 9 Poukisa ou [h]te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10 Koulye a, pou sa, [i]nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’
11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. [j]Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12 Anverite, [k]ou te fè l an sekrè; men [l]Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’ ”
13 Epi David te di a Nathan: [m]“Mwen te peche kont SENYÈ a.”
19 Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?”
20 Konsa, David te leve soti atè a. [q]Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje. 21 Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”
22 Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: [r]‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’ 23 Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men [s]li p ap retounen kote mwen.”
24 Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li [t]te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li. 25 Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a.
26 [u]Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la. 27 Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo. 28 Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”
29 Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li. 30 [v]Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite. 31 Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te [w]fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.
<- II Samuel 11II Samuel 13 ->- a II Sam 7:2-17
- b II Sam 11:3
- c I Sam 26:16
- d Egz 22:1
- e I Wa 20:42
- f I Sam 16:3
- g II Sam 9:7
- h I Sam 15:23-26
- i II Sam 13:28
- j Det 28:30
- k II Sam 11:4-15
- l II Sam 16:22
- m I Sam 15:24-30
- n Né 4:1
- o II Sam 13:31
- p Jen 24:2
- q Rt 3:3
- r Jon 3:9
- s Job 7:8-10
- t I Kwo 22:9
- u I Kwo 20:1-3
- v I Kwo 20:2
- w I Kwo 20:3