II SAMUEL
1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan [a]masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag. 2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. [b]Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, [c]li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
3 Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?”
4 David te di li: [d]“Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.”
5 Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
6 Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li. 7 Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’. 8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: [e] ‘Mwen se yon Amalekit’. 9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ 10 Konsa, mwen te kanpe akote li [f]pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
11 Alò, [g]David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè. 12 Yo te fè dèy e te kriye [h]fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?”
14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?” 15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” [j]Konsa, li te frape li e li te mouri. 16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske [k]bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’ ”
17 Alò, David te [l]chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan. 18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan [m]liv a Jaschar a.