Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan [a]fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e [b]pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad. 2 Lè ou rive la, chache jwenn [c]Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan. 3 Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; [d] “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.” ’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”

4 Konsa, [e]jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad. 5 Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”

Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?”
Li te di: “Pou ou, O kapitèn.” 6 Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, [f] Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm. 7 Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon [g]san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel. 8 ‘Paske tout lakay Achab va peri e [h]Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël. 9 [i]Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e [j]tankou lakay Basha, fis Achija a. 10 [k]Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’ ” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.

11 Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa [l]nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo:

“Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”

12 Yo te di:

“Sa se manti. Pale nou koulye a.”
Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël” ’ ”.

13 Konsa, [m]yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te [n]soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”

14 Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. [o]Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a. 15 Men [p]Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.” 16 Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. [q]Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram. 17 Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”

Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’ ”

18 Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”

Jéhu te reponn: [r]“Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”

19 Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”

Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

20 Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi [s]kondwi li se tankou kondwi a [t]Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”

21 Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”

Epi yo te prepare cha li a. [u]Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la. 22 Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”
Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, [v]kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”

23 Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: [w]“Trayizon, O Achazia!”

24 Konsa, [x]Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li. 25 Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan [y]chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li: 26 [z]‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”

27 [aa]Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki [bb]Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri. 28 [cc]Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. 29 Alò, [dd]nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.

30 Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. [ee]Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la. 31 Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: [ff]“Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”

32 Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”

Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.

33 Li te di: “Jete li anba.”

Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo. 34 Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de [gg]fanm modi sila a e antere li; paske [hh]se fi a wa a ke li ye.”

35 Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo. 36 Pou sa, yo te retounen pou te pale li.

Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: [ii]‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel, 37 epi [jj]kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.” ’ ”

<- II Wa Yo 8II Wa Yo 10 ->