1 Alò, [a]Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp. 2 Alò, Siryen yo te sòti [b]pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an. 3 Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”
4 Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”
5 Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.”
7 Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: [d]“Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”
8 Li te rive ke lè Élisée, [e]nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”
9 Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée. 10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: [f]“Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”
11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la. 12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire [g]sòti byen anraje.
13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: [h]“Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’ ”
14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi [i]chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp. 15 Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, [j]mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, [k]aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”
16 Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, [l]mwen p ap pran anyen.”
19 Li te di li: [o]“Ale anpè.”
21 Konsa, Guéhazi te kouri dèyè Naaman. Lè Naaman te wè yon moun vin kouri dèyè li, li te desann cha a pou rankontre li. Li te di: “Èske tout bagay byen?”
22 Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan [q]peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak [r]de echanj konplè nan vètman yo.’ ”
23 Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li. 24 Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te [s]mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati. 25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?”