1 [a]Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li [b]te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a. 2 Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote [c]Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. 3 Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l. 4 Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye [d]pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou [e]retay ki toujou rete a.’ ”
5 Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe. 6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo [f]te blasfeme Mwen yo. 7 Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi [g]Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.” ’ ”
8 Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite [h]Lakis. 9 Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10 “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, [i]‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.” 11 Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a? 12 Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, [j]Charan, Retseph, avèk [k]fis a Éden ki te Telassar yo? 13 [l]Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’ ”
14 Alò, [m]Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, [n]Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. [o]Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye [p] pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, [q]paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li [r]pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, [s]Mwen te tande.”
21 Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an:
27 Men M konnen [bb]chita ou, sòti avèk antre pa ou,
29 “Epi sa va [dd]sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo. 30 [ee]Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè. 31 Paske depi Jérusalem, [ff]va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. [gg]Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: [hh]‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 33 [ii]Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a. 34 [jj]‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’ ”
35 [kk]Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri. 36 Pou sa, [ll]Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete [mm]Ninive. 37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke [nn]Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.
<- II Wa Yo 18II Wa Yo 20 ->- a És 37:1
- b I Wa 21:27
- c És 1:1
- d II Wa 18:35
- e És 1:9
- f II Wa 18:22-35
- g II Wa 19:37
- h II Wa 18:14
- i II Wa 18:33
- j Jen 11:31
- k És 37:12
- l II Wa 18:34
- m És 37:14
- n II Wa 5:15
- o II Kwo 6:40
- p II Wa 19:4
- q És 44:9-20
- r I Wa 8:42-43
- s II Wa 20:5
- t Jr 14:17
- u Sòm 109:25
- v És 5:24
- w II Wa 18:17
- x És 19:6
- y És 45:7
- z És 10:5
- aa Sòm 129:6
- bb Sòm 139:1
- cc Éz 19:9
- dd Egz 3:12
- ee II Wa 19:4
- ff És 10:20
- gg És 9:7
- hh És 8:7-10
- ii II Wa 19:28
- jj II Wa 20:6
- kk II Sam 24:16
- ll II Wa 19:7
- mm Jon 1:2
- nn II Wa 19:17-31