1 Alò, Achab te gen swasann-dis fis [a]Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di: 2 “Alò, [b]lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam, 3 chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
4 Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, [c]de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?” 5 Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: [d]“Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
6 Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.”
11 Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan [i]Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
12 Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo, 13 [j]Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?”
14 Li te di: “Pran yo vivan.”
15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre [k]Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?”
18 Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: [o]“Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil. 19 Pou sa, [p]voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
20 Jéhu te di: [q]“Anonse yon fèt sen pou Baal.”
24 Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: [s]“Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
25 Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, [t]“Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la. 26 Yo te pran [u]pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo. 27 Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te [v]fè l tounen yon latrin jis rive jodi a. 28 Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
29 Men [w]peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan. 30 SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, [x]fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
31 Men Jéhu [y]pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
32 Nan jou sa yo, [z]SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la, 33 soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan [aa]Aroër, ki akote vale Arnon an, menm [bb]Galaad avèk Basan. 34 Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 35 Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li. 36 Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
<- II Wa Yo 9II Wa Yo 11 ->- a I Wa 16:24-29
- b II Wa 5:6
- c II Wa 9:24-27
- d Jos 9:8-11
- e Jij 9:5
- f II Wa 9:14-24
- g II Wa 9:7-10
- h I Wa 21:19-29
- i Os 1:4
- j II Wa 8:24-29
- k Jr 35:6-19
- l I Wa 19:10
- m II Wa 9:8
- n II Wa 10:10
- o I Wa 16:31-32
- p I Wa 18:19
- q Jl 1:14
- r I Wa 16:32
- s I Wa 20:30-42
- t I Wa 18:40
- u I Wa 14:23
- v Esd 6:11
- w I Wa 12:28-30
- x II Wa 15:12
- y Pwov 4:23
- z II Wa 13:25
- aa Det 2:36
- bb Am 1:3-5