Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

II WA YO

1 Lè Achab te fin mouri, [a] Moab te fè rebelyon kont Israël.

2 Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a [b]Baal-Zebub, dye a Ékron an [c]si m ap geri de maladi sa a.”

3 Men zanj SENYÈ a te di a [d]Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’ 4 Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: [e]‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’ ” Konsa, Élie te pati.

5 Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?”

6 Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye [f]mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’ ” ’ ”

7 Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?”

8 Yo te reponn li: [g]“Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.”

Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”

9 Konsa, wa a [h]te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’ ”

10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, [i]ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.

11 Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’ ”

12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.

13 Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou. 14 Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”

15 Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. [j]Pa pè li.”

Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a. 16 Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo [k]pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’ ”

17 Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li [l]nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a. 18 Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?

II Wa Yo 2 ->