Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou [a]ministè sa a pou sen yo, 2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi [b]ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 3 Men mwen te voye frè yo, pouke [c]konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke [d]jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. 4 Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan [e]Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans [f]kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.

6 Sonje, [g]sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk [h]regrè oubyen anba presyon, paske [i]Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:

[j]“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”

10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka [k]anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi [l]bezwen a sen yo, men va osi pou debòde [m]atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa [n]ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou [o]don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

<- II Korentyen Yo 8II Korentyen Yo 10 ->