e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
3 Konsa,
[c]Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.
4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan
[d]anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès
5 nan
[e]pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi
[f]nan grangou
6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan
[g]Lespri Sen an, nan vrè lanmou an
7 nan pawòl verite a, nan
[h]pwisans Bondye a; ak
[i]zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,
8 pa laglwa ak
[j]wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;
9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen
[k]vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,
10 kòm
[l]plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm
[m]pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
11 [n]Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12 Nou pa anpeche nou, men [o]ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13 Koulye a, [p]nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske [q]ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki [r]amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: [s]“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 [t]Konsa,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.