1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. [a]“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap [b]epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men [c]byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te [d]krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de [e]pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. [f]Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab [g]vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen [h]itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte [i]vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12 [j]Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13 [k]Tout sen yo salye nou.
14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak [l]dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
<- II Korentyen Yo 12