1 Apre, [a]li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè. 2 [b]Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude. 3 Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès. 4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan. 5 Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat. 6 Anplis, [c]li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
7 Li te fè [d]dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la. 8 Anplis, li te fè [e]dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò. 9 Li te fè [f]lakou prèt yo avèk [g]gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz. 10 [h]Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
11 Anplis, [i]Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo.
19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, [n]tab yo avèk pen prezans lan sou yo, 20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a; 21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt; 22 epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.
<- II Kwonik Yo 3II Kwonik Yo 5 ->