1 [a]Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. 2 [b]Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. 3 Paske [c]li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. 4 [d]Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” 5 Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan [e]de lakou lakay SENYÈ yo. 6 [f]Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7 Li te mete [g]imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8 Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi [h]ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.” 9 Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men [i]yo pa t okipe sa menm. 11 Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te [j]mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
12 Pandan [k]li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo. 13 Lè li te priye a Li menm, [l]Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
14 Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a [m]Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo. 15 Anplis, li te [n]retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. 16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis [o]ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la. 17 Sepandan, [p]pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
18 Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm [q]lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinè yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo. 19 Anplis lapriyè li, [r] jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak [s]landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo. 20 Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
21 [t]Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem. 22 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout [u]imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo. 23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a [v]jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li. 24 Anfen, sèvitè li yo te [w]fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li. 25 Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
<- II Kwonik Yo 32II Kwonik Yo 34 ->