Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. 2 [b]Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè. 3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te [c]ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo. 4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la. 5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. [d]Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen. 6 Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te [e]vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo. 7 Anplis, yo te [f]fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la. 8 Pou sa, [g]kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an. 9 Paske gade byen, pou sa, [h]papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa. 10 Alò, sa nan kè m [i]pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou. 11 Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske [j]SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”

12 Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la; 13 epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania; 14 epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel. 15 Yo te rasanble frè yo, yo te [k]konsakre yo menm, e te antre [l]pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a. 16 Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan [m]Vale Cédron an. 17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi [n]nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a. 18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo. 19 Anplis, [o]tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”

20 Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a. 21 Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit [p]kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a. 22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te [q]aspèje san an sou lotèl la. 23 Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e [r]yo te poze men sou yo. 24 Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo [s]pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.

25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, [t]selon kòmand David la avèk [u]Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. 26 Levit yo te kanpe avèk [v]enstriman mizik a David yo, [w]prèt yo avèk twonpèt yo. 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, [x]chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, [y]wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. [z]Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. [aa]Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile. 32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a. 33 Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton. 34 Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. [bb]Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske [cc]Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo. 35 Te gen osi anpil ofrann brile avèk [dd]grès a ofrann lapè yo, avèk [ee]ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò. 36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.

<- II Kwonik Yo 28II Kwonik Yo 30 ->