Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
13
1 [~1~]Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda. 2 Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. [~2~]Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam. 3 Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan. 4 Abija te kanpe sou Mòn [~3~]Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël: 5 Èske ou pa konnen ke [~4~]SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa [~5~]yon sèl akò? 6 Men [~6~]Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a. 7 Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè [~7~]li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.

8 “Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou [~8~]jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou. 9 [~9~]Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.

10 “Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm. 11 Chak maten e chak swa, [~10~]yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li. 12 Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e [~11~]prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”

13 Men Jéroboam [~12~]te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo. 14 Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, [~13~]yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo. 15 Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te [~14~]boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda. 16 Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, [~15~]Bondye te livre yo nan men yo. 17 Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri. 18 Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a [~16~]akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 19 Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.

20 Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e [~17~]li te vin mouri. 21 Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi. 22 Alò, tout lòt zèv a Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a [~18~] pwofèt la, Iddo.

<- II Kwonik Yo 12II Kwonik Yo 14 ->