Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a] Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. 2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. 3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: 4 “Papa ou te fè fado [b]nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”

5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.”

Konsa, pèp la te ale.

6 Alò, Wa Roboam te fè [c]konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”

7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e [d]pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”

8 Men li te [e]echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. 9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’ ”

10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! 11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’ ”

12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” 13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”

15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, [f]pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.

16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: [g]“Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.

17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te [h]chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. 19 Konsa, [i]Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.

<- II Kwonik Yo 9II Kwonik Yo 11 ->