1 Tout sila ki [a]anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se [b]frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3 Si yon moun [c]ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo [d]ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antre[e]moun ak panse konwonpi e san verite, ki [f]sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Men vi sentete a vrèman gen [g]anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske [h]nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou [i]genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 [j]Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske [k]lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan [l]vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men [m]kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 [n]Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 [o]Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te [p]temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska [q]aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan [r]tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 [s]Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
17 Enstwi sila ki [t]rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye [u]ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan [v]bon zèv, pou [w]renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou [x]ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab [y]kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20 O Timothée, gade byen [z]sa ki konfye a ou menm nan, e [aa]evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin [bb]egare kite lafwa.
- a Ef 6:5
- b Gal 3:28
- c Tit 1:3
- d Trav 18:15
- e II Tim 3:8
- f II Pi 2:3
- g Luc 12:15-21
- h Job 1:21
- i Pwov 30:8
- j Pwov 15:27
- k Kol 3:5
- l Jc 5:19
- m II Tim 2:22
- n I Tim 1:18
- o I Tim 5:21
- p II Kor 9:13
- q II Tes 2:8
- r I Tim 2:6
- s I Tim 1:17
- t Mat 12:32
- u Trav 14:17
- v I Tim 5:10
- w Wo 12:18
- x Mat 6:20
- y I Tim 6:12
- z II Tim 1:12,14
- aa II Tim 2:16
- bb II Tim 2:18