Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Men [a]Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin [b]make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke [c]Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li [d]resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen [e]pawòl Bondye a ak lapriyè.

6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou [f]deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

Sou lòt kote, disipline tèt ou [g]pou vi sentete a. 8 Paske [h]disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou [i]lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

9 [j]Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse [k]esperans nou sou Bondye vivan an, ki se [l]Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

11 [m]Preskri e enstwi bagay sa yo.

12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit [n]lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm [o]yon egzanp a sila ki kwè yo.

13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a [p]li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk [q]men Ansyen ki te poze sou ou [r]yo.

15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

16 [s]Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

<- I Timothée 3I Timothée 5 ->