Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Sa se yon vrè pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon [a]pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 [b]Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e [c]lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki [d]jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen [e]legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe [f]gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak [g]pèlen Satan.

8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 [h]men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 [i]Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.

11 Fanm yo dwe menm jan an, dign [j]pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

12 Dyak yo dwe [k]mari a yon sèl fanm, [l]bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo [m]resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.

14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan [n]kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.

16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

Sila ki
Te [o]revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te [p]pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.

<- I Timothée 2I Timothée 4 ->