1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou [a]siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 [b]pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye [c]Bondye, Sovè nou an, 4 [d]ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen [e]yon Bondye, yon [f]medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan [g]pwòp lè li a. 7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt [h]pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; [i]vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9 Menm jan an, mwen vle [j]fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.[k] 12 [l]Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 [m]Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men [n]fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan [o]lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
<- I Timothée 1I Timothée 3 ->