Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, konsènan [a]tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke [b]jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò [c]destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou [d]doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.

4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan [e]tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se [f]fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa [g]dòmi tankou [h]lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo [i]vin sou lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou [j]pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm [k]kas, lesperans sali a.

9 Paske Bondye pa t destine nou a [l]lakòlè, men pou nou vin [m]gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 [n]Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.

11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e [o]remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila [p]ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki [q]responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

[r]Viv nan lapè avèk youn lòt.

14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san [s]prensip yo, ankouraje [t]sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou [u]pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

16 [v]Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay [w]bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

19 [x]Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize [y]pawòl pwofetik yo. 21 Men [z]byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.

23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke [aa]lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt [bb]san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.

24 [cc]Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

25 Frè m yo [dd]priye pou nou.

26 [ee]Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou [ff]fè lèt sa a li bay tout frè yo.

28 Ke [gg]lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

<- I Tesalonisyen Yo 4