1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe [a]mache pou [b]fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,[c]pa fè imoralite seksyèl, 4 ke [d]chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan [e]pasyon lanvi lachè, tankou payen ki [f]pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e [g]vòlè frè l nan bagay sila, paske [h]Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou [i]pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki [j]bannou Lespri Sen Li an.
9 Alò, jan pou [k]lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te [l]enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman [m]nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e [n]travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab [o]konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e [p]pou nou pa manke anyen.
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen [q]okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, [r]menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou [s]nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska [t]vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk [u]twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi [v]nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
<- I Tesalonisyen Yo 3I Tesalonisyen Yo 5 ->