Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan [a]Athènes sèl. 2 Konsa, nou te voye [b]Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, 3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke [c]nou te destine pou sa. 4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, [d]e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.

5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou [e]tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou [f]travay nou an ta anven.

6 Men koulye a, ke [g]Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de [h]lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. 7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. 8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou [i]kanpe fèm nan Senyè a.

9 Paske [j]ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm? 10 Antretan [k]lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab [l]konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.

11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an [m]Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e [n]ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab [o]etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

<- I Tesalonisyen Yo 2I Tesalonisyen Yo 4 ->