1 Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke [a]li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. 2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan [b]Beer-Schéba. 3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan [c]Rama. 5 Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, [d]chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” 6 Men bagay la te [e]degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.”
10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a [h]pèp la ki te mande li pou yon wa a. 11 Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, [i] yo va kouri devan cha li. 12 [j]Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. 13 Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. 14 [k]Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. 16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. 17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. 18 Konsa [l]nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
19 Sepandan, pèp la te [m]refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, 20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
21 Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, [n]li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. 22 SENYÈ a te di a Samuel: [o]“Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”
<- I Samuel 7I Samuel 9 ->