1 Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke [a]Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou [b]Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife. 2 Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, [c]san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo. 3 Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite. 4 Alò David avèk moun ki te avè l yo te [d]leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye. 5 Alò, [e]de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la. 6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz [f]moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men [g]David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a. 7 David te di a [h]Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.”
9 Konsa, David te ale, [j]li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a. 10 Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt [k]de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete. 11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. 12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. [l]Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit. 13 David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?”
15 Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?”
21 Lè [t]David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo. 22 Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
23 Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an. 24 Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske [u]jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.” 25 Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
26 Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a [v]lènmi a SENYÈ yo.” 27 Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo, 28 anplis, a sila ki te [w]Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo, 29 epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan [x]vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan [y]vil a Kenyen yo, 30 epi a sila ki te [z]Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo, 31 epi a sila ki te [aa]Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye [bb]rete yo.
<- I Samuel 29I Samuel 31 ->- a I Sam 27:8-10
- b I Sam 27:6-8
- c I Sam 27:11
- d Nonb 14:1
- e I Sam 25:42-43
- f Jn 8:59
- g I Sam 23:16
- h I Sam 22:20-23
- i I Sam 23:2-4
- j I Sam 27:2
- k I Sam 30:9-21
- l Jij 15:19
- m So 2:5
- n Jos 14:13
- o I Sam 30:14
- p I Sam 11:11
- q Jen 14:16
- r I Sam 30:8
- s I Sam 30:26-31
- t I Sam 30:10
- u Nonb 31:27
- v I Sam 18:17
- w Jos 13:16
- x I Sam 27:10
- y Jij 1:16
- z Nonb 14:45
- aa Jos 14:13-15
- bb I Sam 23:22