1 Alò, [a] Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan. 2 Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, [b]vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen), 3 epi [c]lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a, 4 ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: [d]“Men mwen isit la!”
5 Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.”
11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, [f]Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. 12 Nan jou sa a, [g]Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. 13 Paske [h]Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e [i]li pa t repwoche yo. 14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke [j]inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te [k]ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an. 16 Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.”
17 Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. [l]Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
18 Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm.
19 Konsa, [n]Samuel te grandi, [o]SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi. 20 Tout Israël [p]soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a. 21 Epi [q]SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, [r]paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.
<- I Samuel 2I Samuel 4 ->