1 Alò, [a]Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. 2 Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e [b]David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
3 Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”
4 Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab [c]retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, [d]oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? 5 Èske sa se pa David, [e]a sila yo te chante nan dans pa yo e di:
6 Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; [f]paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. 7 Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
8 David te di a Akisch: [g]“Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
9 Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, [h]kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ 10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten [i]avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.
<- I Samuel 28I Samuel 30 ->