1 Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. [a]Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.” 2 Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la. 3 Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, [b]chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk [c]de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la. 4 Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
5 Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?” 6 Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, [d]Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a. 7 Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te [e]1 nan, kat mwa.
8 Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti [f]Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la. 9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te [g] pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
10 Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te [h]atake jodi a?”
12 Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”
<- I Samuel 26I Samuel 28 ->