1 Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: [a]“Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?” 2 Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l [b]twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la. 3 Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè [c]li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a. 4 Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini. 5 Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk [d]Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li.
6 Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak [e]Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?”
9 Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske [f]se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?” 10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa [g]li va tonbe nan batay e peri. 11 [h]SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz [i]yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo. 13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo. 14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a. 16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, [j] fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: [k]“Èske se vwa ou, fis mwen, David?”
21 Alò Saül te di: [p]“Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l. 23 [q]SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a. 24 Gade byen, jan lavi ou te gen [r]gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta [s]delivre mwen nan tout twoub.”
25 Epi Saül te di a David: [t]“Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.”