1 Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, [a]yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” 2 Alò, [b]Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. 3 Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò [c]David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. 4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, [d]Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’ ”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. 5 Li te vin rive apre ke [e]konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. 6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se [f]lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” 7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. 8 Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”
16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: [n]“Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. 17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. 18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke [o]SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. 19 Paske si yon nonm [p]jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. 20 Alò, gade byen, [q]mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke [r]wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. 21 Pou sa, [s]sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan [t]fò a.
<- I Samuel 23I Samuel 25 ->