1 Anne te priye e te di:
11 Elkana te ale lakay li Rama. [n]Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.
12 Alò, fis a Éli yo te [o]vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a, 13 [p]ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l. 14 Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo. 15 Anplis, avan [q]yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.”
16 Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.” 17 Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a. 18 Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason [r]abiye ak yon efòd fèt ak len. 19 Epi manman li ta fè pou li yon ti [s]manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri [t]sakrifis la. 20 Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te [u]konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo. 21 [v]SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.
22 Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.[w] 23 Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo? 24 Non, fis mwen yo, rapò [x]ke m tande sikile pami pèp la pa bon. 25 Si yon nonm vin peche kont yon lòt, [y]Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske [z]SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.
26 Alò, gason [aa]Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.
27 Alò, yon [bb] nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an? 28 Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo? 29 Poukisa ou [cc]voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e [dd]bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’ 30 Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske [ee]sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo. 31 Gade byen, [ff]jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou. 32 Ou va wè [gg]twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou. 33 Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w trist nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jènes yo toujou sou yo. 34 Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: [hh] Nan menm jou a, yo toude va mouri. 35 Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen. 36 Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.” ’ ”
<- I Samuel 1I Samuel 3 ->- a Det 33:17
- b Egz 15:11
- c Pwov 8:13
- d Sòm 37:15
- e Eb 11:32-34
- f Jr 15:9
- g És 26:19
- h Det 8:17-18
- i Job 42:10-12
- j Mat 8:12
- k Sòm 33:16-17
- l Egz 15:6
- m Sòm 89:24
- n I Sam 1:28
- o Jr 2:8
- p Lev 7:29-34
- q Lev 3:3-16
- r I Sam 2:7-9
- s Egz 28:31
- t I Sam 1:3-21
- u I Sam 1:11-28
- v Jen 21:1
- w I Sam 2:13-17; Egz 38:8
- x I Wa 15:26
- y Det 1:17
- z Jos 11:20
- aa I Sam 2:21
- bb Det 33:1
- cc I Sam 2:13-17
- dd Mat 10:37
- ee Sòm 50:23
- ff I Sam 4:11-18
- gg I Wa 2:26-27
- hh I Sam 4:11-17