1 Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè [a]Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te [b]chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”
2 Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.”
4 Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini [f]Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”
5 Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, [g]konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la. 6 Lè yo te antre, li te gade [h]Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”
7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, [i]men SENYÈ a wè kè a.”
8 Epi Jesse te rele [j]Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” 9 Pwochènman, Jesse te fè [k]Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” 10 Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.” 11 Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?”
12 Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: [m]“Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”
13 Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi [n]Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt.
17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”
18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, [q]yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi [r]SENYÈ a avè l.”
19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”
20 Jesse te [s]pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. 21 Epi David te vin kote Saül e li te [t]okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. 22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” 23 Epi li te rive ke nenpòt lè [u]move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.
<- I Samuel 15I Samuel 17 ->