1 Alò, Samuel te di a Saül: [a]“SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a. 2 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek [b]pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la. 3 Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men [c]mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’ ”
4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan [d]Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo. 5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a. 6 Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske [e]nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.
7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan [f]Havila pou rive [g]Schur, ki te bò lès a Égypte la. 8 Li te kaptire vivan [h]Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe. 9 Men Saül avèk pèp la te [i]lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.
10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di: 11 [j]“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske [k]li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan [l]Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”
13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.”
14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?”
15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske [m]pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”
16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.”
17 Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke [n] malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: [o]‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’ 19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; [p]men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
20 Alò Saül te di a Samuel: [q]“Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. 21 Men [r]pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
22 Samuel te di: [s]“Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche [t]divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
24 Alò, Saül te di a Samuel: [u]“Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, [v]souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske [w]ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.” 27 Lè Samuel te vire pou l sòti, [x]Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire. 28 Epi Samuel te di li: [y]“SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou. 29 Anplis, Glwa Israël La [z]p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”
30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, [aa]pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”
31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a. 32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.”
33 Men Samuel te di: [bb]“Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.
34 Samuel te ale [cc]Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li. 35 [dd]Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.
<- I Samuel 14I Samuel 16 ->- a I Sam 9:16
- b Egz 17:8-16
- c I Sam 22:19
- d Jos 15:24
- e Egz 18:9-10
- f Jen 25:18
- g Egz 15:22
- h I Sam 15:20
- i I Sam 15:3-19
- j Egz 32:14
- k I Wa 9:6-7
- l Jos 15:55
- m Egz 32:22-23
- n I Sam 9:21
- o I Sam 15:3
- p I Sam 14:32
- q I Sam 15:13
- r Egz 32:22-23
- s És 1:11-15
- t Det 18:10
- u Pwov 29:25
- v Egz 10:17
- w I Sam 13:14
- x I Wa 11:30-31
- y I Sam 28:17-18
- z Éz 24:14
- aa És 29:13
- bb Jij 1:7
- cc I Sam 7:17
- dd I Sam 19:24