I SAMUEL
1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan [a]peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te [b]Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. 2 Li te gen [c]de madanm: youn te rele [d]Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane [e]pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan [f]Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li [g]ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; [h]men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè [i]te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
9 Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt [j]tanp SENYÈ a. 10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, [k]li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: [l]“Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen [m]t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”
17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab [n]ba ou sa ou mande L la.”
18 Anne te reponn: [o]“Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.
19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan [p]Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.
20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. [q]Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”
21 Nom nan, Elkana [r]te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a. 22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l [s]rete la nèt.”
23 [t]Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”
- a Jos 17:17-18
- b I Kwo 6:22-38
- c Det 21:15-17
- d Luc 2:36
- e Egz 23:14
- f Jos 18:1
- g Det 12:17-18
- h Jen 16:1
- i Job 24:21
- j I Sam 3:3
- k Jen 24:42-45
- l Trav 2:4-13
- m Sòm 42:4
- n Sòm 20:3-5
- o Jen 33:15
- p I Sam 1:1
- q Egz 2:10-22
- r Det 12:11
- s I Sam 1:28
- t Nonb 30:7-11
- u Nonb 15:9-10
- v Lev 1:5
- w Luc 2:22
- x I Sam 1:11-13
- y I Sam 1:11-22
- z Jen 24:26-52