1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon [a]temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje [b]a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo [c]pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou [d]kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf [e]Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk [f]imilite youn anvè lòt, paske: [g]“Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
6 Konsa [h]desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout [i]tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 [j]Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.[k]
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, [l]Bondye a tout gras [m]ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Avèk èd [n]Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen [o]ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
13 Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an [p]Marc tou.
14 Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.[q]
<- 1 Pierre 4