Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

PREMYE LÈT PIERRE

1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a [a]letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila [b]ki chwazi davans yo, 2 selon konesans [c]davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, [d]pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.

3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki [e]selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa [f]rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon [g]eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki [h]pwoteje pa pwisans Bondye a [i]pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 [j]Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a [k]pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, [l]pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi [m]malgre nou poko wè Li, nou [n]renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè [o]kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

10 [p]Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè [q]Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa [r]Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

13 Konsa [s]prepare panse nou pou nou kab aji; [t] rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan [u]pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an [v]se pou nou vin sen, osi [w]nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: [x]“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

17 Si nou [y]adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

18 Epi konsa, konnen ke nou pa t [z]rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan [aa]mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk [bb]san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te [cc]deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm [dd]kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin [ee]pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te [ff]ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

24 Paske:

[gg]“Tout chè tankou zèb,
e tout laglwa li tankou flè zèb la.
Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”
E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

1 Pierre 2 ->