1 Alò, [a]Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. [b] Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li. 2 Li te voye mesaje yo lavil Achab, wa Israël la, e yo te di li: “Konsa pale Ben-Hadad; 3 ‘Ajan ou avèk lò ou se pou mwen. Pi bèl madanm ou yo avèk pitit yo se pa m tou.’ ”
4 Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.”
5 Alò, mesaje yo te retounen. Yo te di: “Konsa pale Ben-Hadad: ‘Anverite, mwen te voye kote ou pou te di: “Ou va ban mwen ajan ou avèk lò ou avèk madanm ou ak pitit ou yo, 6 men vè lè sa a demen mwen va voye sèvitè mwen yo kote ou. Yo va chache fouye tout lakay ou avèk lakay sèvitè ou yo, epi nenpòt sa ki gen valè nan zye ou, y ap pran nan men yo pou pote ale.” ’ ”
7 Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, [c]gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.”
8 Tout ansyen yo avèk tout pèp la te di li: “Pa koute l ni vin dakò avè l.”
9 Konsa, li te di a mesaje Ben-Hadad yo: “Di mèt mwen an, wa a, ‘Tout sa ke ou te premye mande sèvitè ou a, m ap fè yo. Men sila ou mande koulye a, mwen p ap kab fè l.’ ”
11 Epi wa Israël la te reponn li: [e]“Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”
12 Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan [f]li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la.
13 Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’ ”
14 Epi Achab te di: “Pa kilès?”
15 Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil. 16 Yo te sòti a midi, pandan [g]Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo. 17 Jennonm a chèf pwovens yo te sòti devan. Ben-Hadad te voye mesaje deyò, yo te pale li, e te di: “Moun yo gen tan parèt sòti Samarie.”
18 [h]Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.”
19 Men sa yo te sòti depi lavil la; jennonm a chèf pwovens yo ak lame ki te swiv yo. 20 Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo. 21 Wa Israël la te parèt deyò, li te frape cheval yo avèk cha yo e te touye Siryen yo nan yon gwo masak. 22 Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske [i]nan fen ane a, wa a Syrie va vin monte kont ou.”
23 Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: [j]“dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo. 24 Fè bagay sa a: retire chak wa sou plas yo e ranplase yo avèk kapitèn nan plas yo, 25 epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.”
29 Konsa, yo te fè kan an, youn kont lòt, pandan sèt jou. Epi nan setyèm jou a, batay la te ouvri e fis Israël yo te touye nan Siryen yo san-mil sòlda apye nan yon sèl jou. 30 Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil [n]Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la [o]nan yon chanm enteryè. 31 Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete [p]twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”
32 Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: [q]“Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’ ”
33 Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.”
35 Alò, yon sèten nonm pami [s]fis a pwofèt yo te di a yon lòt mesye pa pawòl SENYÈ a: “Souple, frape mwen.”
37 Alò, li te twouve yon lòt mesye e te di: “Souple, frape mwen.”
41 Epi byen vit li te retire bandaj sou zye li e wa Israël la te vin rekonèt li kòm youn nan pwofèt yo. 42 Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, [w]lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’ ”
43 Konsa, [x]wa Israël la te ale lakay li pa kontan e byen vekse pou te rive Samarie.
<- I Wa Yo 19I Wa Yo 21 ->- a I Wa 15:18-20
- b I Wa 22:31
- c II Wa 5:7
- d I Wa 19:2
- e Pwov 27:1
- f I Wa 16:9
- g I Wa 16:9
- h II Wa 14:8-12
- i II Sam 11:1
- j Jr 16:19-21
- k II Wa 13:17
- l Jij 6:3-5
- m I Wa 17:18
- n I Wa 20:26
- o I Wa 22:25
- p Jen 37:34
- q I Wa 20:3-6
- r I Wa 15:20
- s II Wa 2:3-7
- t I Wa 13:24
- u I Wa 14:2
- v II Wa 10:24
- w I Wa 20:39
- x I Wa 21:4