Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. 2 Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale [a]Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te [b]pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. 3 [c]Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”

4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay [d]Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. 5 Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, [e]l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”

6 Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. 7 Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: [f]“Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, 8 e akoz Mwen te [g]chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. 9 Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou [h]te fè pou ou menm lòt dye avèk [i]imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— 10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va [j]koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11 [k]Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.” ’ 12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. [l]Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. 13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, [m]yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. 14 Anplis, [n]SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! 15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi [o]Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li [p]va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”

17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. [q]Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18 [r]Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.

19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, [s]jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. 20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.

21 [t]Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. 22 [u]Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te [v]pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. 23 Paske yo tou te bati pou yo menm [w]wo plas yo, [x]pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24 Te gen osi [y]gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.

25 [z]Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. 26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, [aa]menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. 27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. 28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.

29 [bb]Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 30 [cc]Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. 31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. [dd]Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.

<- I Wa Yo 13I Wa Yo 15 ->