Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Gade [a]ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele [b]ti moun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke [c]lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va [d]wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen [e]espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. [f]Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab [g]retire peche yo, epi [h]nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li [i]pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

7 Ti moun yo, pa kite pèsòn [j]twonpe nou. [k]Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se [l]dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

9 Nanpwen pèsòn ki [m]ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke [n]pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen [o]frè li a.

11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an [p]ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon [q]Caïn, ki te apatyen a [r]mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.

13 Pa etone, frè yo, si [s]lemonn rayi nou.

14 Nou konnen ke nou [t]kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

15 Nenpòt moun ki [u]rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.

16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke [v]Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men [w]nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi [x]sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan [y]verite.

19 Nou va rekonèt konsa ke nou [z]nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen [aa]konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou [bb]kenbe kòmandman Li yo, epi fè [cc]bagay ki fè plezi devan zye Li yo.

23 Men sa se kòmandman Li, ke nou [dd]kwè nan [ee]non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.

24 Sila a ki [ff]kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke [gg]Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

<- I Jean 2I Jean 4 ->