Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Gade [a]ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele [b]ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke [c]lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va [d]wè Li menm jan ke Li ye. 3 Epi tout moun ki gen [e]espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. [f]Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab [g]retire peche yo, epi [h]nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li [i]pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

7 Ti moun yo, pa kite pèsòn [j]twonpe nou. [k]Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. 8 Men sila ki pratike peche se [l]a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

9 Nanpwen pèsòn ki [m]ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Selon sa [n]pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen [o]frè li.

11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a [p]ke nou dwe renmen yon lòt. 12 Pa kon [q]Caïn, ki te apatyen a [r]mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.

13 Pa etonnen, frè yo, si [s]lemonn rayi nou.

14 Nou konnen ke nou [t]kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

15 Nenpòt ki [u]rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.

16 Men konsa nou rekonèt lamou; ke [v]Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men [w]nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi [x]sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan [y]verite.

19 Nou va rekonèt konsa ke nou [z]nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

21 Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen [aa]konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou [bb]kenbe kòmandman Li yo, epi fè [cc]bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.

23 Men sa se kòmandman Li, ke nou [dd]kwè nan [ee]non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.

24 Sila a ki [ff]kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke [gg]Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

<- I Jean 2I Jean 4 ->