I JEAN
1 Sa ki te ye [a]depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou [b]te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2 epi [c]lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm [d]lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
3 Sa ke nou te wè epi [e]tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen [f]kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4 Epi [g]bagay sa yo nou ekri, pou [h]lajwa nou kapab vin konplèt.
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke [i]Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 [j]Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou [k]manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou [l]mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.[m]
8 [n]Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi [o]laverite a pa nan nou. 9 [p]Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi [q]si nou di ke nou pa peche, nou [r]fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
I Jean 2 ->