1 Alò, konsènan [a]bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou [b]bay bon konprann. 2 [c]Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko [d]konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, [e]Bondye konnen li.
4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke [f]pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi [g]genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye [h]Papa a. [i]De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men [j]kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8 Men se pa[k]manje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men [l]fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje [m]bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb [n]vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 [o]Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, [p]si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
<- 1 Korentyen Yo 71 Korentyen Yo 9 ->