1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e [a]jeran a mistè ki pou Kris yo.
6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa [d]vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? [e]Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
8 Nou [f]deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou. 9 Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki [g]kondane a lanmò, paske nou te [h]gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun. 10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men [i]ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè. 11 Jiska moman sa a [j]nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete. 12 Konsa, nou redi di nan [k]travay avèk pwòp men nou. [l]Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni [m]tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou [n]fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. 15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen [o]te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. 16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin [p]imitatè a mwen menm. 17 Se pou rezon sa a, mwen [q]voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo. 18 Alò, kèk nan nou vin [r]awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou. 19 Men mwen [s]va vini kote nou byento [t]si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20 Paske wayòm Bondye a [u]pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. 21 Kisa nou dezire? [v]Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
<- 1 Korentyen Yo 31 Korentyen Yo 5 ->