Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Koulye a konsènan [a]ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn [b]ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive [c]nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.

5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske [d]m ap pase Macédoine. 6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab [e]voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. 7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a [f]sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. 8 Men mwen va rete [g]Éphèse jiska fèt pannkot la; 9 Paske yon [h]pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.

10 Alò, si [i]Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè [j]travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li [k]anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.

12 Men konsènan [l]Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13 [m]Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt [n]ak lanmou.

15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen [o]lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou [p]ministè a sen yo). 16 Pou [q]nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi [r]sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk [s]se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.

19 Legliz Asie yo salye nou. [t]Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk [u]legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. [v]Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.

21 Salitasyon de [w]pwòp men pa m——Paul. 22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). [x]Vin non, Senyè nou an! 23 [y]Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

<- 1 Korentyen Yo 15