3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te [c]mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a [d]selon Ekriti yo. 5 Epi ke [e]Li te parèt a Céphas, e answit, a [f]douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo [g]gen tan mouri. 7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit [h]tout apot yo. 8 Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, [i]Li te parèt a mwen menm tou.
12 Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke [n]pa gen rezirèksyon mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 14 Epi [o]si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. 15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te [p]leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. 16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon [t]premye fwi de sila [u]ki mouri yo. 21 Paske si se pa [v]yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske [w]tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? 30 Poukisa nou menm tou, nou [dd]an danje a chak moman? 31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, [ee]mwen mouri chak jou.
35 Men yon moun va di: “Kijan [ii]mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm [kk]yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye [nn]lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. 46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. 47 Premye lòm nan [oo]sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. 48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e [pp]menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. 49 Jis jan ke nou [qq]pote imaj a tèrès la, konsa osi nou [rr]va pote imaj a selès la. 50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab [ss]eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon [tt]mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va [uu]chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e [vv]nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e [ww]mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: [xx]“Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
- a Wo 5:2
- b Wo 11:22
- c Gal 1:4
- d Sòm 16:8
- e Luc 24:34
- f Luc 24:36
- g Trav 7:60
- h Luc 24:33,36
- i Trav 9:3-8
- j I Tim 1:15
- k Trav 8:3
- l Wo 12:3
- m II Kor 11:23
- n Trav 17:32
- o I Tes 4:14
- p Trav 2:24
- q Wo 4:25
- r I Kor 15:6
- s I Kor 4:9
- t I Kor 15:23
- u I Tes 4:16
- v Wo 5:12
- w Wo 5:14-18
- x I Tes 4:16
- y Dan 2:44
- z Sòm 110:1
- aa II Tim 1:10
- bb Sòm 8:6
- cc I Kor 12:6
- dd II Kor 11:26
- ee Wo 8:36
- ff És 22:13
- gg I Kor 6:9
- hh Mat 22:29
- ii Jn 12:24
- jj Gal 1:11
- kk Wo 8:21
- ll Fil 3:21
- mm I Kor 2:14
- nn Jen 2:7
- oo Jn 3:31
- pp Fil 3:20
- qq Jen 5:3
- rr Wo 8:29
- ss I Kor 6:9
- tt I Kor 13:2
- uu II Kor 5:2,4
- vv I Tes 4:15,17
- ww II Kor 5:4
- xx És 25:8
- yy Os 13:14
- zz Wo 3:20
- Wo 8:37
- I Kor 16:10