Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Si mwen pale avèk [a]lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon [b]senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout [c]mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen [d]bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen [e]livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

4 Lanmou [f]pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè [g]pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men [h]rejwi nan verite a. 7 Li [i]sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don [j]pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don [k]lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou [l]konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè [m]fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se [n]lanmou.

<- 1 Korentyen Yo 121 Korentyen Yo 14 ->