Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 KORENTYEN YO

1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, 2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen [a]pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 3 [b]Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.

4 [c]Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te [d]konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e [e]tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 [f]ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 [g]Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.

10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen [h]divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan [i]menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. [j]Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun [k]Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin [l]batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t [m]batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout [n]fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 [o]Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la [p]pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou [q]sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:

[r]“Mwen va detwi sajès a saj yo,
e entèlijans moun save yo,
mwen va mete sou kote.”

20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a [s]laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak [t]sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite [u]Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche [v]Kris krisifye a, pou [w]Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se [x]pwisans a Bondye, ak [y]sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e [z]feblès Bondye a pi fò ke lòm.

26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke [aa]pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi [bb]foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, [cc]bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè [dd]pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou [ee]sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak [ff]jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

1 Korentyen Yo 2 ->