1 Yo te pote lach Bondye a e te [a]plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye. 2 Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a. 3 Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.
4 Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la: 5 Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo, 6 epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.
7 Alò, se te nan jou sa a, David te [b] chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
37 Konsa, li te kite[u]Asaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a; 38 epi [v]Obed-Édom avèk swasant-uit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo, 39 Li te kite [w]Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan [x]tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an, 40 pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo. 41 Avèk yo, te [y]Héman, Jeduthun ak [z]lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen. 42 Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou [aa]chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la. 43 [bb]Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.
<- Kwonik Yo 15Kwonik Yo 17 ->- a I Kwo 15:1
- b II Sam 22:1
- c Sòm 24:6
- d Sòm 103:2
- e Sòm 78:43-68
- f Sòm 48:10
- g Jen 12:7
- h Jen 35:11-12
- i Jen 13:15
- j Jen 34:30
- k Jen 12:17
- l Jen 20:7
- m Sòm 96:1-13
- n Sòm 144:3-6
- o Sòm 89:7
- p Sòm 29:2
- q Sòm 98:7
- r Sòm 106:1
- s Sòm 106:47-48
- t I Wa 8:15-56
- u II Kwo 8:14
- v I Kwo 13:14
- w I Kwo 15:11
- x I Wa 3:4
- y I Kwo 6:33
- z I Kwo 25:1-6
- aa I Kwo 25:7
- bb II Sam 6:19